Crédit photo : google
Cliquez ici pour retrouver SENS sur facebookJan nap aji nan sosyete a pou bokou nan fondman relasyon nou yo. Nan sosyete nap viv la gen plizyè kategori moun. Yo aji fason yo vle. Gen sa kap aji pou met linyon, gen lòt kap aji pou met divizyon. Kidonk li enpòtan poum konnen kiyès mwen ye nan plizyè tip moun sa yo.
Katiana, Marie ak Samanta se twa bon zanmi ; yo manje ansanm, bwè ansanm, soti ansanm elatriye. Youn konn sekrè lòt. Yo tèlman bon zanmi moun ki wè yo ki pa konnen panse se twa sè yo ye. Yo se twa bèl demwazèl ki zanmi lontan.
Sa pa gen tròp tan depi Samanta chwazi renmen ak yon mesye marye ki gen 2 pitit. Men li pa vle moun konn sa. Kòm se katiana ak Marie ki baz li se yo menm li di sa. medam yo pat trò kontan lè yo pran nouvèl la, yo jije ke sa pa nòmal. Katiana kòmanse simaye koze a, li palel ak tout moun li jwenn. Lap mache pale Samanta mal tribò pa bò. Sak fè koze a pi bèl lè moun yo ap tandel se paske li met sèl ak piman ladan l. Marie li menm li fè konbyen jou ap panse sou koze a depi lè Samanta te fin di l sa. Li leve yon bon maten li ale kay Samanta byen deside, li kòmanse bay blag avèl aprè li kòmanse pale avè l sou koze dènyèman an : <<saman kkt, ou konnen vi sa wap mennen an pa bon. Nou zanmi lontan kidonk mwen ka baw yon konsèy ; Mwen pa ta renmen ou rete nan vi sa. Fon Jan pou w retire kòw ladan l...>> se konsa yo fè anpil tan ap pale.
_Landjèz, lang long...
_vòlè mari moun ...
_rat mòde soufle, Ti bouyi zen...
_Jamè dodo...
_manje atè pa di mèsi... Zen pete ant Katiana ak Samanta ! Paske Gen yon moun ki te vin di Samanta koze a, épi li di se pa premye fwa Katiana ap fè sa. Divizyon mete pye.
Se konsa bagay la ye nan sosyete nap viv la ; gen moun ki la pou pale mal sèlman, fè tripotay sou do moun. Gen lòt kap fè remak la e kap di moun nan sak pa fè l byen san l pa fè tripotay sou do moun nan. Antouka gen youn nan tip moun sa yo ki la pou met divizyon. Ki la pou kreye konfli. Gen yon lòt ki la pou kreye antant.
Alòs, Kiyès mwen ye nan de tip moun sa yo ? Sila yo kap pale moun mal tout la sent jounen an ? Osinon sila yo kap fè remak la e kap di moun nan sak pa fè l byen an ?
Banm Fon ti reflechi poum konnen kiyès mwen ye nan sosyete sa.
Auteur :
Shonly Bonel Laguerre
0 commentaires:
Enregistrer un commentaire
Avez-vous des questions, des suggestions ou des marques d'appréciation à propos de l'article ?
En bien, écrivez un commentaire !