Yon reflesyon
 
Crédit photo : google
Cliquez ici pour retrouver SENS sur facebook

     Jan nap aji nan sosyete a pou bokou nan fondman relasyon nou yo. Nan sosyete nap viv la gen plizyè kategori moun. Yo aji fason yo vle. Gen sa kap aji pou met linyon, gen lòt kap aji pou met divizyon. Kidonk li enpòtan poum konnen kiyès mwen ye nan plizyè tip moun sa yo.

Katiana, Marie ak Samanta se twa bon zanmi ; yo manje ansanm, bwè ansanm, soti ansanm elatriye.  Youn konn sekrè lòt. Yo tèlman bon zanmi moun ki wè yo ki pa konnen panse se twa sè yo ye. Yo se twa bèl demwazèl ki zanmi lontan.
Sa pa gen tròp tan depi Samanta chwazi renmen ak yon mesye marye ki gen 2 pitit. Men li pa vle moun konn sa. Kòm se katiana ak Marie ki baz li se yo menm li di sa. medam yo pat trò kontan lè yo pran nouvèl la, yo jije ke sa pa nòmal. Katiana kòmanse simaye koze a, li palel ak tout moun li jwenn. Lap mache pale Samanta mal tribò pa bò. Sak fè  koze a pi bèl lè moun yo ap tandel se paske li met sèl ak piman ladan l. Marie li menm li fè konbyen jou ap panse sou koze a depi lè Samanta te fin di l sa. Li leve yon bon maten li ale kay Samanta byen deside, li kòmanse bay blag avèl aprè li kòmanse pale avè l sou koze dènyèman an : <<saman kkt, ou konnen vi sa wap mennen an pa bon. Nou zanmi lontan kidonk mwen ka baw yon konsèy ; Mwen pa ta renmen ou rete nan vi sa. Fon Jan pou w retire kòw ladan l...>> se konsa yo fè anpil tan ap pale.

_Landjèz, lang long...
_vòlè mari moun ...
_rat mòde soufle, Ti bouyi zen...
_Jamè dodo...
_manje atè pa di mèsi...  Zen pete ant Katiana ak Samanta ! Paske Gen yon moun ki te vin di Samanta koze a, épi li di se pa premye fwa Katiana ap fè sa. Divizyon mete pye.

   Se konsa bagay la ye nan sosyete nap viv la ; gen moun ki la pou pale mal sèlman, fè tripotay sou do moun. Gen lòt kap fè remak la e kap di moun nan sak pa fè l byen san l pa fè tripotay sou do moun nan. Antouka gen youn nan tip moun sa yo ki la pou met divizyon. Ki la pou kreye konfli. Gen yon lòt ki la pou kreye antant.

     Alòs, Kiyès mwen ye nan de tip moun sa yo ? Sila yo kap pale moun mal tout la sent jounen an ? Osinon sila yo kap fè remak la e kap di  moun nan sak pa fè l byen an ?

    Banm Fon ti reflechi poum konnen kiyès mwen ye nan sosyete sa.
    
                                     
 Auteur :                     
Shonly Bonel Laguerre
Yon releksyon

      Crédit photo: google

Chèche konnen kiyès mwen ye nan vi sa a vin yon nesesite pou mwen, paske li pèmèt mwen gen kontròl vim pi byen. Nan syèk nap viv la se Nan syèk sa pi gro avanse yo fèt nan teknoloji a. Yo pa janm sispann envante aparèy teknolojik Pou nou itilize, e chak moun gen yon fason yo itilize yo. Sa vle di gen plizyè tip itilizatè. Kidonk li enpòtan poum konn kiyès mwen ye Nan plizyè tip itilizatè sa yo.

 
Niky ak Jery se de bon zanmi ki Nan menm lèkol, kap fè menm klas. Yon bon lè Direksyon an òganize yon konkou jeni Pou sèl klas la. Yo divize klas la an plizyè ekip. E nèg yo pa tonbe Nan menm ekip. Ekip de nèg yo rive Nan final. Niky bat Jery. Yo bay tou lè de ekip yo <<Smartphone>>, se te meday yo ki te diferansye yo. Nèg yo te deja bezwen Smartphone, yo tou genyenm.
Niky pran pal la li mete tout rezo sosyo yo sou li. Vin trouve kounya li gen yon ekip lòt patnèl lap swiv kòman yo fonksyone ak Smartphone nan. Kounya tout jounen li sou rezo sosyo yo lap pran plezi li rete, lap pete chawa menm Jan ak lòt patnè li yo. Jery li menm li mete tout rezo sosyo yo tou menm Jan ak Niky. Men sak pral diferansye yo se fonksyonman an. Jery li menm li pase tout tanl ap fòme tèt li sou yo pandan lap pran ti plezil tou. Li chèche jwenn ak moun ki ka edel Nan menm sans lan tou. Li fè Smartphone nan tounen yon zouti edikatif Pou li.
  Problèm ki Vin poze kounya ; Niky remake se briye Jery ap briye sèlman ; lè Prof yo poze yon kesyon Nan klas la Jery gentan reponn.

  Nan syèk nap viv la chak moun itilize aparèy teknolojik yo yon fason. Gen moun ki itilize yo Pou pran plezi sèlman. Gen lòt ki itilize yo tankou yon zouti edikatif.


Alòs, Kiyès mwen ye Nan 2 tip itilizatè sa yo? 
Sila yo ki itilize yo Pou pran plezi sèlman ? Osinon sila yo ki itilize yo tankou yon zouti edikatif la pandan ke yap pran ti plezi  ?

                 
                            •Shonly Bonel Laguerre
Yon refléxion


Venteyinyèm syèk sa, se yon syèk ki gen yon pakèt tip de jèn ladanl. Nan sans sa a, mwen menm ki vle Oryante vim pi byen mwen oblije fon ti reflechi pou'm konn kiyès mwen ye ladan yo.

  Mwen tap tande yon sitiyen ki tap rakonte yon istwa konsa :  <<Mwen te pase de twa jou Nan yon Kay ki gen twa(3) jèn kap leve ladanl. Pandan ti tan mwen fè a, m te gentan aprann anpil de yo ; Yo toujou al lekòl. Gen youn ladan yo, lèl al lekòl li pa sou sa. Li fè yon pakèt nouvo zanmi ki pa sou sa. Li inyore tout enstriksyon Paran li te konn bali yo. Li chwazi pran enstriksyon zanmi lekòl li yo melanje ak pa lòt zanmi deyò'l yo poul viv. Fòm diw li te konn fè yon sèl kalte zanmi. Se te program bòdègèt tout lasent jounen. Ti jèn Vin tounen programè. Gen yon lòt li menm lèl al lekòl li toujou sou sa. li fè zanmi tou, men se zanmim ki sou sa parèy li. Li pran tout enstriksyon Paran li te konn bali yo, li makonnen yo ak sa li resevwa lekòl la poul viv. Twazyèm Nan li menm, misye preske menm jan ak dezyèm Nan sof ke misye se nèg ki renmen legliz e li toujou ale. Li pran enstrikson sal pran lakay li yo, fè yo fè yon sèl ak sal pran legliz ak lekòl la poul viv.

 Sa pa gen trò lontan depim kwaze yo kap sikile nan vil la. Mwen wè twazyèm Nan sou yon machin ak fanmi li ki pral legliz.
Mwen Mandel sak regle ? Li dim lape goumen ak travay yo. Li banm kat yon lopital kote li responsab. Pandan mal travay Nan yon geto mwen wè premye a chita Nan yon baz, lap pase jwen an. Mwen bal respè a epi'm dil sak gen la menm ? Li reponn mwen : <<nou la, nap boule. Banm on ti kòb sou ou la non frè. M pa gen way nn>>.
Mwen kontre ak dezyèm Nan sou yon zo reken, plak ONG. Mwen pozel menm kesyon an li repon mwen : <<mwen la, map travay sou psikoloji a Nan yon ONG la>>. Se konsa avni tou lè twa pase.>>

Alòs, jounen jodia poum konnen kòman avnim ap ye li enpòtan poum konnen Kiyès mwen ye Nan twa jèn sa yo ?

Èske se premye a, dezyèm Nan oubyen twazyèm nan ?

  Banm fon ti reflechi poum konn kiyès mwen ye.

                      ••Shonly Bonel Laguerre




Yon refleksyon.


Credit photo : google


Nan sosyete nap viv la gen plizyè tip dede
moun. Kidonk li Enpòtan poum konnen kiyès mwen ye nan tout tip de moun sa yo.

  Gen yon fanmi ki gen de ti moun, kap viv nan yon gro kay, li pran yon sèvant pou fè tout travay ki nan kay la. Men kay la toujou gen de travay ki pa fèt ladanl. Gen youn nan timoun' yo ki la sèlman pou remake travay ki pa fèt yo, kritike sèvant lan, fè mesaj la pase pou li epi tann li vin fè travay yo. Lòt la li menm li toujou la poul remake travay  ki pa fèt yo, kritike sèvant lan paske'l pa fè travay li, menl toujou chèche yon mwayen poul fè travay ki pa fèt yo sanl pa tann sèvant lan.

Nan sosyete nap viv la gen moun ki la pou remake problèm ki genyen yo, kritike yo epi tann otorite vin rezoud yo. Gen lòt ki la kap remake problèm yo epi sache konnen kòman yo kapab rezoud yo san enplikasyon Otorite yo.

Alòs, kiyès mwen ye nan de tip de moun sa yo ?

Sila yo kap kritike sèlman oubyen sila kap kritike e kap aji a ?

       •••Banm fon ti réfléchi jodia poum konn kiyès mwen ye ?

 
                              --Shonly Bonel Laguerre